Metanoia

Metanoia se yon mouvman jèn moun nan Site Solèy pou transfòme vi yo epi redwi vyolans atravè spò ak sèvis kominote. 

 

Metanoia (Grèk pou “yon chanjman transfòmativ”) se yon jèn mouvman ki komanse pa jenès nan katye ki rele Ti Ayiti nan Site Solèy.  De jèn gason, Dorival Tony ak Wilnes Louis, te patisipe nan yon pwogram ‘spò pou lapè’ nan baz yon òganizasyon ki rele SAKALA nan Site a, epi apre yo fin reyalize gwo enpak li fè sou yo epi tou kijan lòt jèn nan kominote a te nan ris pou tonbe nan vye sik vyolans, yo te deside ke dwe pataje eksperyans ak vizyon yo ak kamarad yo.   

Nan mwens ke yon mwa, yo te reyini 80 jèn nan tout 34 katye nan Site Solèy.  Chak maten, yo rasanble a Plas Fyète (yon gran plas piblik nan santral Site Solèy) pou bay jèn yo fòmasyon nan spò (foutbòl, jeneralman), epi yo itilize tan sa pou diskite konpòtman yo nan kominote a, epi de enpòtans anviwonman, epi dwa ak responsablite yo kòm sitwayen Ayisyen.  Chak Dimanch, yo reyini etidyan nan yon lekòl kominote nan Ti Ayiti pou montre jèn sa yo kijan pou viv ansanm an amòni.  Tout bagay yo fè se gras a kontribisyon jèn ak fanatik yo nan kominote a, men yo deja kreye yon chanpyòna ki rele “Timoun Jodia, Granmoun Demen”, epi yo ap ede kèk kamarad yo achte liv pou lekòl oubyen pou peye frè kou yo.  

Vizyon Metanoia se pou kontinye itilize spò nan lari Site Solèy yo pou touche plis jenès ke posib.  Pwensip yo baze sou devlopman ki vreman baze nan kominote epi ki kondwi pa kamarad yo.  Yo ta ka itilize plis konsey, fòmasyon ak sipò nan aktivite de itilizasyon spò pou entegrasyon sosyal ak lapè. 

GPS coordinates: 
Haitian Creole

Success gradient:

Section communale: 
3em Section Communale
Commune: 
Cite Soleil
Partners: 
SAKALA, Konbit Soley Leve