Lalwè (Lalouère)

 
Lalwè se lakay yon koperative agrikilti ki trè djanm ki bay manm li yo aksè kredi, fòmasyon, semans, epi alfabètizasyon.  

 

 

Koperativ sa te fonde nan mwa Septanm, 1996.  Li gen 600 manm ki sòt nan 1è, 2yèm, 3yèm epi 4yèm seksyon nan Sen Mak.  Pou vin yon manm koperativ la, fòk w pase nan yon komite edikatif pou aprann enfòmasyon sou pwensip koperativ yo, epi peye yon ‘frè sosyal’ de 125 goud epi apre 25 goud pou ouvri yon kont. 

Objektiv koperativ la se pou chanje kondisyon lavi moun nan kominote a.  Li bay peyizan yo kredi ak sipò lè nesesè.  Li bay fòmasyon nan teknik agrikiltirèl epi ede peyizan yo jwenn bon kalite semans ak lòt materyò agrikiltirèl.  Li fè pwomosyon pou elvaj epi li ede peyizan yo jwenn bon kalite bèt.  Yo bay manm yo fòmasyon nan alfabètizasyon, pa sèlman pou ede yo aprann li ak ekri men tou pou ranfòse kapasite yo nan agrikilti ak jesyon.  Tou yo gen yon gwo silo, kote yo stoke grenn ak semans yo.  Fòk w yon manm pou jwenn kredi nan koperativ la.  KAB prete manm li yo lajan ak semans.   

 

 

GPS coordinates: 
Primary contact: 
Cléamise Joseph, vis presidan ATIH. Telefon: 3898 6452
Joseph Milfort, mamb ak konsey edikatif Kab. Telefon: 3754 6416 / 3226 5969
Haitian Creole

Success gradient:

Section communale: 
Lalwè
Commune: 
Senmak
Partners: 
USAID/HRI, PCH (Koperativ pwodiksyon Ayiti), FIDA.
MARNDR, CHF, OIM, KAB, CDV, SIDECS, PCH