Community Health Clinic, Souffriere

Categories:

Soufriye se yon kominote ki mete tèt ansanm pou kreye epi jere pwòp klinik santé pa yo.   

Soufriye se yon seksyon riral nan mòn Lenbe, epi ki trè difisil pou aksè.  Lè lapli tonbe, li vin enposib pou antre ak sòti kominote a.  Anvan, pa t gen okèn etablisman pou lasante nan zòn nan, donk moun ki vin malad yo nan gwo risk pou pa jwenn swen apwopriye.  

Kominote a te mobilize pou chanje sa a:  yon òganizasyon ki rele OPDSL te kontakte otorite lokal yo pou ede yo jwenn founiti yo te bezwen pou ouvri klinik la.  Yo te jwenn repons yon legliz nan zòn na ki bay yo yon espas pou stoke materyèl yo.  Yo te gen yon akò avèk yon lekòl pou enfimyè ki di ke nenpòt enfimyè ki bezwen fè yon estaj ta ka fè l nan klinik la, epi se sa ki vin pèmèt yo gen enfimyè konstan.

Men pou fè klinik la nan legliz la pa t ideyal paske lè te gen aktivite pou legliz, klinik la ta oblije femen.  Donk, kominote a te mobilize pou kontwi pwòp bilding pa l.  Moun te kontribye sa yo te kapab: blòk, wòch, sab, travay, ets, epi yo fin kreye yon ti bilding pou klinik la.  Yo te divize chanm andan avèk bwat katon paske yo pa t gen lòt mwayen nan moman sa a.  Moun te konn bay sa yo te kapab pou tretman, menm si l te yon bagay pou lekòl, tankou yon kaye, pou yo ka bay yon timoun pou ale lekòl.  Denyeman, kominote te lanse yon ti famasi pou ede avèk revni.  Kounyea, kòm klinik ap antre kòb, rèvni sa ede peye lekòl pou 50 timoun zòn nan.  

GPS coordinates: 
Primary contact: 
Lavedure Presilia Ceude, 34923023/37080133.
Haitian Creole

Success gradient:

Commune: 
Limbe
Partners: 
Senator Polikap