ASCOPCA, Akasya (Accacia)

Akasya se lakay yon òganizayson ki rele ASCOPCA, ki te rekanpe kiltivasyon kann nan kominote ki vin kreye komès ak yon amelyorasyon pou lavi nan zòn nan.

 

Akasya se yon kominote andan komin Sen Rafayèl, ki se yon zòn ki pwodiktif nan agrikilti.  Tradisyonèlman, zòn nan te konn fè anpil kann, men yo te konn itilize yon sistèm ansyèn avèk bèf pou pwosese kann nan, epi sistèm sa pa t twò efikas. 

Yon òganizasyon ki rele ASCOPCA (Asosyasyon Pwodiktè Kannasik nan Akasya), ki te fonde an 2000, te deside mobilize pou ranje sityasyon an.  Yo te defansè pou kominote a pou yo ta ka resevwa yon moulen pi modèn (ke yo jwenn nan men yon ONG ki rele Agro-Action Almay), epi yo te travay ansanm pou jwenn kèk gwo chodyè pou bouyi kann pou fè siwo.  Yo reyisi pou achte 3 gwo chodyè epi avèk sa yo te vin gen kapasite pou vann 40-50 dwoum siwo kann pa jou pou ale Potoprens.  Yo te tèlman gen siksè nan amelyorasyon kilti kann nan zòn nan ke jenès, ki te konn kite Akasya pou ale Sen Domeng, kounyea rete nan kominote pou fè jaden kann.  Kounyea, manm òganizasyon ASCOPCA rive nan 333 moun, epi avèk rèvni a yo envesti nan yon moulen pou mayi ak pitimi, epi y ap transfòme ansyèn moulen nan yon poulaye.  

ASCOPCA gen kapasite pou anseye lòt kominote pou amelyore epi kreye jaden kann ki pwodiktif nan zòn pa yo.

GPS coordinates: 
Primary contact: 
Jacques Antoine (coordinator of ASCOPKA): 3831-9154
Haitian Creole

Success gradient:

Commune: 
St Raphael
Partners: 
AAA