Success Stories

FTKDG, Gan Bad (Grand Bad)

Gan Bad se yon kominote ki konstwi wout li ak men popilasyon nan ak konbit, e yo kolabore nan tout lot fason pou lavi yo.

ASCOPCA, Akasya (Accacia)

Akasya se lakay yon òganizayson ki rele ASCOPCA, ki te rekanpe kiltivasyon kann nan kominote ki vin kreye komès ak yon amelyorasyon pou lavi nan zòn nan.

ODPM, Matiren (Mathurin)

Matiren se yon kominote ki izole nan mòn epi ki itilize tradisyon konbit pou òganize tout bagay ki enkli sanitasyon, edikasyon ak agrikilti.  

MIJD, Desalin (Dessalines)

Desalin se lakay yon òganizasyon ki rele MIJD ki, pandan kèk anne pase, reyisit pou fè yon wout machin rive nan kominote a, epi tout travay sa ki te fèt avèk la men epi ak volontè. 

OJDL/KDL, Lagranj (Lagrange)

Lagranj se lakay 2 òganizasyon ki travay pwòch ansanm pou amelyore kalite lavi nan kominote a, nan plizyè domenn ki enkli agrikilti, sanitasyon ak edikasyon. 

Gwayavye

Gwayavye se yon kominote ki izole nan mòn men ki itilize sistèm konbit ak òganizasyon lokal pou prezève yon agrikilti gaya, epi adrese pwoblèm dlo nan kominote a.    

OPECS, Norway (Cite Soleil)

OPECS se yon koperativ pèch nan Site Solèy ki trè dinamik epi ki bay kominote Nòwe nan Site Soley anpil solidarite. 

La Difference, Twa Bebe (Cite Soleil)

La Difference se yon kominote nan Site Solèy ki te transfòme tèt li nan yon senbòl pwòpte ak responsablite katye a atravè solidarite kominote epi komanse avèk sa yo genyen.
 
 
 

EMASE, Ti Haiti (Cite Soleil)

EMASE, ki se yon lekòl kominote nan katye Ti Ayiti nan Site Solèy, te vin reyabilite atravè yon efò kominote epi ki gen vizyon pou yon fòm edikasyon ki pi pratik ak sivik pou Ayiti.

UCOODEPSA, St Michel

Sen Michèl rekoni kòm kapital kleren Ayiti a, men tou li se yon kote ki rich an mango.  UCOODEPSA anbake ak yon inisyativ pou transfòme mango (ak lòt fwi lokal) pou kreye yon mwayen pou viv ki dirab epi tou pou pwoteje anviwonman an.

Pages